SONJE - Resous sa yo mande pou itilizatè a aplike chanjman yo nan browser (navigatè) li pou opsyon tradiksyon nan aparèy pèsonèl yo.
Chrome
Google Translate
Ekstansyon Google Translate ki nan Chrome Browser kapab tradui paj entènèt nan yon lang prefere.
Ekstansyon Google Translate la se yon zouti ki pèmèt ou tradui paj entènèt, tèks, ak diskou nan plis pase 100 lang. Pou itilize ekstansyon Google Translate la, ou bezwen enstale li nan Chrome Web Store a. Apre ou fin enstale ekstansyon an, w ap wè yon senbòl Google Translate nan kote ki genyen senbòl yo nan browser toolbar ou a. Ou kapab klike sou senbòl ki an ble (anwo adwat) pou jwenn aksè nan karakteristik ekstansyon yo.
Itilize EkstansyonTradiksyon
- Ouvri Browser (Navigatè) Chrome
- Ale nan Paj Entènèt ou prefere a
-
Nan kwen anwo adwat paj la, chwazi senbòl sa a
- Chwazi Translate
5. Chwazi lang ou prefere lè pwochen paj la parèt
Chanje lang debaz la nan browser entènèt ou a
Google Chrome
- Ouvri Browser (Navigatè) Chrome
- Nan kwen anwo adwat paj la, chwazi senbòl sa a
- Klike sou Settings nan meni ki genyen plizyè opsyon an.
- Nan paj Paramèt (Settings) nan, nan meni navigasyon agòch la, chwazi Languages.
- Sou bò dwat paj setting nan, chwazi opsyon Language.
- Klike sou lyen Add Languages.
- Nan paj Add languages ki parèt la, klike sou ti bwat ki akote youn oswa plizyè lang, epi klike sou bouton Add la. Ou kapab tou chèche plizyè lang lè w itilize search field ki nan kwen anwo adwat la.
- Lang ki fenk chwazi yo ta dwe parèt nan seksyon Language. Pou chwazi youn, klike sou senbòl
ki adwat lang lan epi tcheke bwat ki akote Display Google Chrome in this language.
- Klike bouton Relaunch la, oswa fèmen epi relouvri Browser (Navigatè) Chrome ou a pou montre nouvo lang lan.
Firefox
Firefox te ajoute karakteristik tradiksyon ki pèmèt moun kap itilize li yo navige sou entènèt nan lang yo prefere. Moun kap itilize l yo ap bezwen genyen vèsyon Firefox 118 oswa vèsyon pi resan pou genyen opsyon pou tradiksyon.
Tradui tout paj la
- Ouvri paj navigatè Firefox epi chwazi senbòl tradiksyon an nan toolbar a oswa chwazi Translate page from the menu.
- Firefox ap detekte lang paj la otomatikman pou seksyon “Translate from” anlè nan meni ki genyen plizyè opsyon an. Ou kapab manyèlman chanje li tou.
- Chwazi lang pou tradiksyon ou prefere a, anba nan meni ki genyen plizyè opsyon an.
- Klike Translate pou tradui tout paj
Ou kapab jwenn plis enfòmasyon nan https://support.mozilla.org/en-US/kb/website-translation
Safari
Safari genyen opsyon tradiksyon disponib nan navigatè entènèt yo a.
- Ouvri Aplikasyon Safari nan Mac
- Ale nan Paj Entènèt ou vle tradui a. Si nan Paj Entènèt la kapab tradui, sistèm nan ap montre senbòl Translate la
- Klike sou senbòl Translate la epi chwazi lang prefere ou a.
Edge
Microsoft Edge otomatikman mande pou tradiksyon si paj entènèt la montre yon lang ki diferan de lang prefere ou a nan sistèm Edge la. Yo konsidere yon lang etranje si li pa enkli nan lis sistèm lang prefere (Preferred Languages). Pou ajoute oswa retire yon lang nan lis la, nan Microsoft Edge, ale nan Settings and more > Settings > Languages.
Si yo pa ajiste paramèt (settings) yo kòrèteman, yon itilizatè kapab manyèlman tradui paj entènèt la nan swiv etap yo bay pi anba a.
- Chwazi senbòl tradui a nan Address bar a,
- Nan menu Translate to a, chwazi nan ki lang ou vle tradiksyon an.
- Chwazi Translate.
Aparèy Mobil yo (Mobile Devices)
Google Chrome, Firefox, ak Edge nan aparèy mobil yo genyen opsyon pou tradui paj entènèt nan chwazi paramèt (setting) nan Navigatè Aplikasyon an, epi chwazi Translate.
Aplikasyon Safari sou aparèy mobil genyen yon opsyon tradui tèks soulinye men yo kapab telechaje yon ekstansyon pou tradui tout paj la.
- Ouvri App Store nan iPhone oswa iPad ou
- Chèche Website Translator
SONJE Fè sèten ou telechaje Ekstansyon Website Translator (Ekstansyon tradiktè sit entènèt) pou aplikasyon Safari jan yo montre la a.
3. Ouvri aplikasyon epi chwazi lang prefere a.
4. Fèmen aplikasyon an epi ouvri Safari
5. Nan paj entènèt Safari, peze Share epi desann pou chwazi Translate
6. Safari ap ouvri Aplikasyon Translator Extension a nan lang prefere ou a.